Pwogram jounen an
Zoom metye · Atelye · Mizanrelasyon dirèk — 10h00 rive 16h00
Ouvèti ofisyèl
Pawòl byenvini, prezantasyon lespri « Konekte pou Bati » ak pwogram jounen an.
Mantalite sistèm
Eksplikasyon sou fason 4 aks salon an konekte youn ak lòt nan devlopman peyi a.
Reyalite a
Yon rekonesans kout sou difikilte reyèl yo (ensekirite, presarite) — kadraj Maslow.
Mantalite Ganyan
Senk (5) prensip yon mantalite ganyan, ki konekte ak sa salon an ofri.
Fireside chat — Nouvo metye nan epòk Entèlijans Atifisyèl la
Laperèz oswa mank konesans sou enpak Entèlijans Atifisyèl la sou travay; risk pou yon jenès deja fragilize dekwoche nan domèn nimerik la.
Zoom sou metye — Nimerik ak ekonomi dijital
Devlopè IA, analis done, sibèsekirite : konpetans kle pou devlope, platfòm fòmasyon ki aksesib a distans, opòtinite travay endepandan ak komès elektwonik.
Zoom sou metye — Agrikilti, transfòmasyon agroalimantè ak agri-teknoloji
Agronòm, espesyalis agri-teknoloji (dròn, detèktè IoT) : kijan pou modènize yon eksplwatasyon agrikòl, ki filyè ki gen plis potansyèl, ak ki fòmasyon ki disponib ann Ayiti.
Poz
Zoom sou metye — Diplomasi teritoryal ak teknoloji sivik
Koperasyon desantralize, teknoloji sivik : kijan pou kòmanse yon patenarya ant vil ak vil, epi mobilize dyaspora ki soti nan menm rejyon an.
Zoom sou metye — Teknoloji, sekirite, defans ak rezilyans
Sibèsekirite leta, jesyon kriz : chemen fòmasyon, ak opòtinite travay nan enstitisyon piblik ak prive.
Poz
Apèl pou aksyon teritoryal
Fòmile pwopozisyon konkrè sou opòtinite diplomasi teritoryal ak mobilizasyon dyaspora a, pou tout aktè ak desidè k ap vini yo.
Nimerik ak sante mantal
Itilizasyon ekran ak rezo sosyal, presyon pou bay bon pèfòmans sou entènèt, ak jesyon estrès lakay jèn ki konekte yo.
Poz
Mi opòtinite yo
Difize an dirèk òf reyèl pou estaj ak travay (ann Ayiti ak nan dyaspora a), avèk lyen pou aplike menm pandan sesyon an.
Kloti
Pawòl final.